Men mwen Granmèt, men mwen,
Tout sa m’ ye, tout vi mwen.
Men mwen Granmèt, men mwen
Tanpri aksepte mwen.
1. Ou te ban mwen yon kò Granmèt
Ou te ban mwen yon kè.
Mwen vin ofri ou tou sa
Mwen vle pataje tout byen m’ avèk ou.
Ou te ban mwen lavi Granmèt pou m’ te kapab aji.
Ou te ban mwen lespri pou m’ kab reflechi
Sou paròl ou yo.
2. Ou te ban mwen lafwa Granmèt.
Ou te ban mwen konprann.
Mwen vin ofri ou tou sa,
Mwen vle pataje tout byen m’ avèk ou.
Ou te ban mwen renmen Granmèt pou m’ kapab pataje.
Ou te ban mwen espwa pou m’ kap konsole
Frè ak sè mwen.