Men lè a sonnen pou nou fòme chenn solidarite a,
Men lè a sonnen pou nou resevwa Granmèt la lakay nou.
1. An avan frè mwen depi ou deside temwaye lamou,
Se pou ou prepare pou fè sakrifis Granmèt la te fè a.
Vin nou fòme chenn solidarite ki pou libere n’ nan.
2. An avan frè mwen si ou manje pen sa, si ou bwè diven sa a,
Nou vin menm fanmi kit ou te moun pòv, kit ou te moun rich
Vin nou fòme chenn solidarite ki pou libere n’ nan.
3. An avan frè mwen, pa bliye se chemen lavi ou,
Si ou se patizan l’ se pou aksepte viv jan li mande l’ la,
Vin nou fòme chenn solidarite ki pou konsole n’ nan.