PÈ A:
Men kwa Jezu-Kri,
se li menm ki sèvi
pou nou te kab sove. (3)
FOUL: Dènye vivan pou vin adore Jezu sou lakwa. (3)
4. Rasanble vwa nou
pou nou chante ansanm
jan Jezu sove nou.
5. Nan Jetsemani, 10. Yon bann moun vini
chagren anpare li ak manchèt ak baton
dekwa pou l’ ta mouri. pou yo kondui Jezu.
6. Li tèlman chagren 11. Jezu inosan,
li tonbe plat atè, nan pwen kòz, nan pwen plent
li pran rele «Papa». e poutan fò l’ mouri.
7. Papa mwen souple, 12. Kayif pase lòd
si vè anmè sila a pou Jezu deklare
ta kapab pase lwen m’. si l’ se Pitit Bondye.
8. Jezu aksepte 13. Jezu obeyi,
Volonte Papa li, li reponn Kayif «Wi,
pou l’ sakrifye tèt li. mwen se Pitit Bondye».
9. Juda vin rive, 14. Poutèt li reponn
e pou l’ fè pran Jezu, li se Pitit Bondye,
li bo l’ an ipokrit. yo kondane l’ a mò.
15. Yo krache sou li, 22. Jezu kondane,
yo vekse l’ byen vekse, l’aksepte pran kwa li,
yo ronpi l’ anba kou. kon dènye asasen.
16. Yo ba li kout pwen, 23. Anro Gòlgota,
yo trete l’ ak souflèt, pou sove dènye moun,
yo pase l’ nan betiz. Jezu pandye sou kwa a.
17. Devan Pons Pilat, 24. Lavyèj, se manman,
pèp la fi dechennen, tout soufrans pitit li,
ou ta di se demon. li santi yo nan kè.
18. Se vre l’ inosan, 25. Jezu sou lakwa
men yo di l’ malfèktè, se mouton Bondye a,
yo di l’ soulve pèp la. ki wete peche nou.
19. Jezu inosan. 26. Peche touye nou,
Barabas malfèktè. men lè Jezu leve,
Yo pito Barabas. nou leve avèk li.
20. Pilat vle lage l’, 27. Pou Bondye nan syèl,
paske Pilat fin wè soufrans Jezu-Kri yo
Jezu pa fè anyen. fè youn ak soufrans nou.
21. Pèp la dechennen: 28. Lè nou nan traka,
«Pilat se malè ou, gade Jezu sou kwa a,
s’ou pa kloure l’ sou kwa». pou nou kab jwenn kouraj.