Se nan kè ou Mari, fanmi Bondye rasanble,
Se ou k’ ba nou Jezu, li k’ paròl Bondye
E nan kè nou se ou menm k’anfante li.
1. Se nan kè ou Mari Bondye mande pou nou
Se ou menm ki ba l’ repons pou nou.
Se ou menm ki ba l’ kè ou pou paròl li jèmen,
Se nan kè ou Mari n’ape koute li.
2. Se nan kè ou Mari Bondye desann pou nou,
Se ou menm ki ba l’ yon kay pou nou,
Se ou menm ki ba l’ kè ou pou Lespri l’ poze,
Se nan kè ou Mari n’ap rankontre li.
3. Se nan kè ou Mari Bondye fè nòs pou nou
Se ou menm ki ba l’ alyans pou nou
Se ou menm ki ba l’ kè ou pou l’ siyen kontra l’
Se nan kè ou Mari n’ape goute li.
4. Se nan kè ou Mari Bondye reviv pou nou
Se ou menm ki ba l’ yon kò pou nou
Se ou menm ki ba l’ kè ou pou l’ fòme Legliz
Se nan kè ou Mari n’ap rasanble.