Mari ou sanble yon fanm Ayisyen,
Yon manman ki konn doulè, ki konn mizè.
Mari, nan malè pèp Ayisyen,
W’ a toujou kanpe ak nou, nou konte sou ou.
1. Menm jan w’ te fè nan nòs Kana,
W’ a priye Jezu-Kri pou l’ kab ede nou.
2. Ou resevwa Bòn Nouvèl la,
Men ou avèk Jezu n’ ap evanjelize.
3. Ou san peche, Manman Mari,
Men w’ se sè nou tou, nou menm ki pechè.
4. Manman Jezu, ou pa jennen l’,
Ou kite li fè volonte Papa li.
5. Ou fè Sovè a pou tout tè a,
Men an menm tan Sovè a sove w’ tou.
6. Gen maladi lèp k’ ap ravaje
Peyi d’Ayiti, ede nou detwi yo.
7. Nou s’on pèp devenn, men nou gen espwa
W’ ap toujou kore nou pou lavi kap fleri.
8. Dife a cho, n’ap kankannen,
Voye yon ti dlo pou n’ jwenn soulajman.
9. Rivyè a fò, n’ vle travèse,
Ba nou yon pasè pou ede n’ janbe.
10. Barank la fon, n’ prèt pou tonbe,
Fè n’ jwenn yon mwayen pou nou kab chape.