Mari ala ou bèl, limyè, Bondye klere ou.
1. Pran kouraj fè kè ou kontan, men limyè ou,
Men Granmèt la k’ap montre jan l’ renmen ou,
Pandan nuit ap anvayi tout peyi, tout nasyon.
2. Men Granmèt la k’ap klere ou ak limyè l’,
L’ap montre kijan l’ renmen nou nan kè ou,
Tout nasyon y’ap dirije kot limyè ou ki fèk fèt.
3. Leve zye ou toutalantou pou ou gade,
Men tout moun ap rasanble vin kote ou,
Tout pitit ou vin sot lwen y’ap pote yo sou bra.
4. W’ ap kontan lè w’ap wè sa kè w’ap bat,
Tout trezò lòt bò lanmè ap vini,
Tout richès nan tout nasyon ap rive lakay ou.
5. N’ap fè lwanj gras a Jezu Granmèt nou
Nan Lespri li pou Papa li tout tan,
Pou mèvèy li fè pou nou nan Mari manman nou.