O Mari, manman pèp Ayisyen,
Ou ki ban nou Jezu sou tè a,
Fè li grandi nan lavi nou.
1. Nou se pitit ou 5. Jezu di ou:
Ou toujou bon pou nou, «Manman, men pitit ou»
Se ou pou nou rele Se nou li t’ap pale
Lè nou bezwen lavi. Fòk nou pitit ou vre.
2. Esklav nou te ye 6. Ròl pa ou la, Manman
Anba tout vye malè Se ban nou Jezu-Kri,
Mouri nou t’ap mouri Depi nan Betleèm
Nou te bezwen lavi. Jouk nan Lakominyon.
3. Anba chenn peche 7. Renmen Bondye a
Jemi n’ape jemi Ap viv nan ou, Mari
Nou bezwen delivrans Se menm vi renmen sa a
Se ou k’ ban nou sovè. W’ap mete nan kè nou.
4. Bondye mande ou 8. Manman nan syèl la
P’ou fè nou gen lavi, W’ap bay lavi toujou
Se Jezu k’ lavi a Ou louvri kè ban nou
Tout tan w’ap ba nou l’ vre. Pou pran nou met ak ou.