Manman nou renmen an, O Mari,
Montre nou leve kè n’,
Monte jwenn Bondye.
1. Ou ki konnen afon dènye sekrè renmen,
Sekrè pou moun vin Sen,
Montre nou admire valè Bèlte Papa a,
Pitit la, Lespri a.
2. Ou k’ ap mache ak nou, sou rout lavi Bèlte
Lavi Sen k’ ap san fen,
Pòv pèleren nou ye, jan kè w’ sansib pou nou,
Rasanble nou tou pre w’
3. Vire gade n’ ak zye w’, zye w’ ki si dou pou nou,
Rale nou nan klète w’.
Benyen nou nan Favè, nan Limyè, nan Renmen
Leve n’ byen ro nan Syèl.
4. Pa janm kite anyen, trouble lapè nan kè n’,
Pou n’ ta bliye Bondye,
Se pou chak ti moman, nou vin pi profonde
Nan fè youn ak Bondye
5. Kè nou va louvri nèt, nan klète, nan lavi,
Nan renmen, nan Bondye,
Li ki renmen an menm, e ki fè tout bagay,
Vin fè yon sèl nan li.