Magnificat, [Fè konpliman
mèsi Bondye, [pou vyèj Mari
Dènye ras vivan ap chante pou mwen. [chante pou li
Magnificat, [Fè konpliman
mèsi Bondye, [pou vyèj Mari
dènye ras vivan ap chante Mari. [Mari.
1. Nanm mwen ap chante Granmèt la, [Mèvèy sila a
Lespri m’ kontan nan Sovè m’ nan, [Nou fè ou konpliman
paske li panche je l’ kote m’, [Favè sila a
mwen menm yon ti sèvant tou pòv. [Magnificat
2. Gade jan tout jenerasyon…
ap di: Mari ala ou gen chans…
paske Granmèt la fè pou mwen…
yon mèvèy ki pa gen parèy…
3. Ala vre non ou sen Granmèt,…
Mizèrikòd ou asire,…
pou youn ak tout jenerasyon…
pou tout moun ki respekte non w’. …
4. Granmèt la deplwaye fòs li…
li gaye nèg gro kòlèt yo…
li rache yo sou fotèy yo…
li leve piti yo anlè…
5. Granmèt la bay pòv yo manje…
li ranvwaye rich yo men vid…
li pote tout bay Israyèl…
selon promès la li te fè…