Lwanj pou Kris la nan legliz,
koulye a e pou tout tan o. (2)
1. Poutèt sa mwen met ajenou, o.
Pou m’ adore Bondye Papa, o.
Se li ki Papa tout Papa o.
Ni nan syèl la ni sou latè o.
2. Se pou fòs Bondye kourone n’ o.
Nan richès li ak nan bèlte l’ o.
Pou Lespri Sen fè nou tout nèf, o.
Pa lafwa nou nan Jezu-Kri, o.
3. Se pou Kris la rete nan nou o.
Pou lanmou nou pouse rasin o.
Pou feblès nou tounen puisans o.
Pou Lespri sen pote n’ ale o.
4. La ba nou fòs pou nou konprann o.
E n’a goute lanmou Bondye o.
Ak tou frè n’ yo ki nan bèlte o.
N’a wè Papa nou fas a fas o.