Li rele m’, li rele m’, Bondye Granmèt mwen ki rele m’
* Granmèt mwen ki rele m’ [Li rele m’,
Li mande m’ lavi mwen [Li rele m’ (2)
Li voye m’ patou sou tè-a al gaye bòn nouvèl la [Li rele m’
Li voye m’ anonse lòt yo men wayòm syèl you pre [Li rele-m
L’ap ret tann tout pitit li yo vin met men nan travay la.
1. Papa m’ rele m’ li reklame lavi mwen.
Papa m’ rele m’ li konfye mwen travay li.
Pou m’ pa febli li ban mwen Lespri Sen-an.
2. Simen, simen bòn nouvèl la toupatou.
La va fleri nan kè tout pitit Bondye.
Jou rekòt la tout moun va chante danse.