Lespri Granmèt la poze sou mwen
Li voye mwen kòm mesaje
Pou m’ gaye Bon nouvèl la toupatou sou tè a.
Lespri Granmèt la poze sou mwen
Li voye m’ kòm mesaje
Anonse Bon nouvèl liberasyon pèp li a.
1. Rele tout malere k’ape viv nan lapenn
Tout moun yo ki grangou ni sa k’ape kriye.
2. Rele tout frè nou yo ki mare anba chenn.
Tout sa ki pa konnen si yo moun tout bon vre.
3. Rele tout malere ki kloure lakay yo.
Tout sa k’ dekouraje ki san espwa pou yo viv.
4. Rele tout frè nou yo ki pa kapab pale.
Tout sa k’ape soufri ke lenjistis kraze.