Lapè Granmèt o, lapè anndan kè m’, lapè pou tout moun o!
1. Jezu leve byen vivan li soufle sou Apot li yo:
«Lapè avè nou»
Li ba yo Lespri Sen an ak pouvwa padone peche:
«Peche efase».
2. Lè delij la te fini, kolonb la pote yon ramo…
Noye debake sou tè, li drese lotèl sakrifis…
3. Aaron beni pèp la, li lonje men l’ sou tèt tout moun…
Li nonmen non Granmèt la, kè sansib li vide sou yo…
4. Pèp la t’ap mache nan nwa, li vin wè yon limyè k’ klere l’…
Yon ti Pitit fèt pou nou, se li menm ki Wa kè poze…
5. Lou ak mouton ap vwazen, tig la menm ap manje ak bèf…
Ti bebe a tou piti, l’ ap lonje men sou trou koulèv…
6. Nou tout ki t’ ap pran lapenn sou miray vil Jeruzalèm…
Bondye rebati l’ tou nèf, li tounen abite ladan l’…
7. Nan nuit bò vil Betleyèm Mesaje Bondye yo chante…
Sou pay anndan trou ròch la syèl ak tè a rekonsilye…
8. Mari pot Jezu nan Tanp, li poze l’ sou bra Simeyon…
Limyè nasyon yo klere ak bèlte pèp Granmèt nou an…
9. Mari-Madlèn pran kriye, li vide losyon sou Jezu…
Li siye pye l’ ak cheve l’, li anbrase l’ avèk tout kè l’….
10. Madanm nan yo akize, li bese tèt li jous atè…
Jezu menm ekri atè, tout moun pran bese tèt atè…….
11. Jeruzalèm pat konprann pou l’ louvri pòt kè l’ de batan…
Jezu pase nan mitan l’, li pa rekonèt li menm…
12. Baryè rayisans la menm, Granmèt la kraze l’ anlè Kwa a…
Nasyon ki t’ ap fè lagè, li fè tout vin tounen zanmi…
13. Fi yo wè kavo a vid, Jezu menm ba yo asirans…
Li ranpòte laviktwa, kè kontan nan syèl ak sou tè…
14. Granmèt la monte nan syèl, li voye Lespri Sen ba nou…
Ni sa ki te la tou pre, ni tou sa ki te ret byen lwen…
15. Epe ap tounen sèpèt, fwenn nan menm ap fè manch bourèt…
Nan Mari, rèn kè poze, kot tout pèt yo ap rasanble…