SOLIS: Lapè o… Lapè… anye o!
Lapè, se yon reyalite pou n’ viv,
Se sa nou tout dòmi reve:
Timoun, jèn moun, gran moun: ansanm!
Al’ on konbit enteresan!
1. Kote m’ pase, s’on sèl koze!
Se lapè tout moun ap chèche!
Lapè toupatou e toutan,
Nan kò, nan kè ni nan lespri!
2. Mwen tande rèl yon prizonye,
Se lapè nanm l’ ap soupire!
Nan chenn, nan fènwa, lasoufrans,
Sa k’ enpòtan pase lapè.
3. Lè pou pitit manman about,
Se lapè ki pou konsole l’!
Lè pou madanm misye san souf,
Lapè, se mwatye solisyon l’!
4. M’ gade adwat, gade agoch,
M’ ape mande kote lapè?
Lapè kote ou ye, di mwen non!
Menm nan ziltik m’a val chèchè w’.
5. Men mwen tande yon vwa reponn,
Pou di se ta lapè, zanmi?
Wi se mwen menm,
Mwen fè sèman!
Si w’ vle jwenn mwen, gen yon sekrè!
6. Sekrè mwen menm lapè tou senp,
Dènye timoun pitit genyen l!
Viv nan renmen ak verite,
Viv nan lajistis n’ a jwenn mwen!
7. Mwen menm lapè m’ pap refize
Vin fè ladesant lakay ou!
M’ ap fè w’ tounen profèt lapè,
Nan yon sosyete k’ an boulvès!
8. Lè nou koute vwa malere,
Rèl travayè ki san defans,
Lè nou respekte dwa tout moun,
Lè sa a, Bondye se lapè nou!
9. Wi viv lapè, aba lagè!
Viv dènye kras pitit lapè!
aba lagè, aba rayi!
Viv tèt ansanm, Alelouya!