Lamou Bondye gen pou nou
Ap dire tout tan gen tan.
1. Menm si yon manman ta bliye pitit li.
Mwen menm Granmèt la, mwen pap janm bliye ou.
2. Mòn yo mèt kraze plenn yo te mèt tranble.
Amou mwen pou ou pa gen dwa disparèt.
3. Ou pa bezwen pè ou pa gen dwa pran ront.
Pap gen malonèt ki pou fè ou bese tèt.
4. Bondye renmen nou men ki prèv li ba nou
Li fè nou kado Jezu sèl pitit li.
5. Sa k’ pou separe n’ avèk lanmou Bondye
Si Bondye pou nou, kilès ki pa pou nou.
6. Ou pa fin konnen lanmou Bondye pou ou
Li fò pase ou, li fò pase lanmò.