Kretyen se nou ki sèl tè a,
Se nou ki pou mache
Preche paròl Bondye.
Jezu ba nou goute sèl la,
Li ba n’ separe l’
Pou tout moun kab trouve.
1. Si yon manje pa gen ti sèl
Ou santi l’ san gou’
Ou pa anvi manje l’.
Konsa Jezu ba n’ kè kontan
Se pou n’ separe l’
Pou tout moun kab trouve.
2. Nou menm ki plen sèl Jezu a
Fò n’ fè atansyon
Pou n’ pa fè l’ pèdi gou.
Sonje fò nou lapriyè,
Nou gen yon lènmi
Ki pa janm bouke nui.
3. Moun ki goute sèl Jezu a
Pa dwe pè pou pale
Ni pè pou rakonte
Kijan Bondye louvri bra li
Prèt pou resevwa
Tout moun ki vin jwenn li.