Kouraj, mezanmi, fè yon lòt ti kou tanpri,
Nou pa gen dwa lage, lè n’ap fè travay Bondye.
1. Yon jou bò dlo Jenezarèt, pèp la konble mèt la,
Jezu monte nan yon kannòt, sa k’ te pou Simon an.
2. Lè l’ fin preche pèp la, li di: an n’ ale nan gran dlo:
W’a jete senn pou mwen, tanpri, pou n’ kenbe pwason yo.
3. Simon di li: N’ redi tout nuit san nou pa pran anyen.
Men, kom se ou ki di mwen li, m’ dakò pou m’ jete senn.
4. Lafwa Simon jwenn rekonpans: senn yo menm t’ap chire:
Se pa ti kras pwason yo pran: kannòt la t’ap tonbe.
5. Nou pa gen dwa dekouraje: fè tou sa Bondye di.
Nan travay, kenbe pa lage, san nou pa janm febli.
6. Fò nou sonje paròl lontan: yon premye so pa so.
Gran moun yo ap di nou tout tan: bite pa tonbe o.