Konpliman pou ou, Papa,
Sekrè syèl la se pou ti moun.
1. Mwen fè konpliman pou ou, Papa
Ou ki mèt ni syèl ni tè,
Poutèt ou kache bagay sa yo
Pou moun syans-entèlijans.
2. Moun ki tou piti, ki pa anyen,
Se ba yo ou devwale l’,
Wi Papa, se konsa ou renmen
Pou sa fèt devan fas ou.
3. Papa m’ remèt tout bagay nan men m’
Se li menm sèl ki konnen m’
Se mwen menm sèl ki konnen li tou
Ak moun mwen vle devwale l’.
4. Se pou nou proche vini kote m’
Nou tout k’ ap fatige kò n’,
Nou menm k’ ap redi anba gro chaj
M’ ape fè nou jwenn repo.
5. Pran tròkèt mwen, mete li sou nou,
Pran leson, gade sou mwen.
Mwen tou dou, mwen gen kè mwen tou pòv,
N’ a jwenn repo pou lavi n’.
6. Trokèt mwen fasil pou nou pote
Chaj mwen an, li tou leje.
Konpliman pou ou, Bondye Papa,
Tout sekrè w’, se pou ti moun.