Konpliman pou li,
Konpliman pou Jezu-Kri k’vini sou tè a
Pou sove tout Pitit Bondye!
1. Pou jan Bondye debyen, pou jan li gen bon kè,
N’ap met tèt nou ansanm pou n’ fè konpliman pou Li.
2. Bravo pou Jezu-Kri ki sòti nan Bondye,
Li vin montre nou rout pou n’ kab vin frè ak sè.
3. Bravo pou Lespri a ki fè n’ vini pi sen.
N’ap fè lwanj pou li jodi a e pou tout tan.