Kanmarad, Dominik, ou k’ rive sen a kenz an,
Ban n’ pasyans, ban nou gou,
Pou n’ rive sen menm jan avè w’.
Nou mande ou tanpri, lapriyè Bondye pou nou,
Pou l’ benyen nou nan sajès,
Pou n’ pran menm chemen avè w’.
1. Depi premye kominyon w’,
Apèn ou te gen set an,
Ou te pran gro desizyon,
Pou mouri pase w’ peche.
2. Don Bosko te fè w’ konnen
Vin sen se bagay fasil.
Depi lè sa a w’ pran l’ pou gid,
Se chak jou w’ap fè progrè.