Jezu-Kri se limyè ki klere nan fon kè,
Li wete sa k’ kache pou l’ mete klète.
Chak fwa limyè klere sa dwe fè nou sonje
Tout patizan Bondye ki sa nou ye.
1. Moun k’ ap mache solèy kouche
Veye kote n’ap mete pye
Paske lè sa yo pa wè klè,
Yo manke limyè.
Menm si limyè solèy klere
Pou ou wè ki kote ou prale
Men nan kè ou se yon lòt koze:
Li plen ak peche.
2. Lakay yo pa janm limen
Lanp pou yo mete l’ anba kabann,
Se sou tab li toujou rete
Pou kay la klere.
Se pou sa moun ki batize,
Ki dispoze sèvi Bondye
Dwe sonje se limyè yo ye
Tout kote yo pase.
3. Moun ki chita nan egoyis
Vrèman li fè yon gro betiz
Sa ki bon pa fèt pou kache,
Mete l’ nan klète.
Jezu limyè laverite
Pa kapab rete je fèmen
Ouvri kè ou pou li kab gade
Tout suit ou ap kanpe.
4. Yon moun ki patizan Bondye
Se pa sèlman mache preche,
Men se pou lavi ou chanje
Pou kapab klere.
Sonje gen egzanp pou trase,
Se pa jije ni kòmande,
Senpleman pou nou aksepte
Sèvi an premye.