Jezu ou se pen ki bay Lavi a.
Nou konnen se ou menm ki nan losti.
Nou jwenn pen sa a gras a Manman Mari.
Mèsi Jezu ou ki ban nou manje sa.
1. Se ou ki di: kò m’ se manje tout bon.
S’ou pa manje l’ ou pap sa gen lavi.
Paròl ki klè pa mande diskisyon.
Nou kwè nan ou nou kwè nan manje sa.
2. Ou te di nou: mwen avèk nou tout tan.
Ou la tout bon, byen vivan nan losti.
Nou jwe sou ou, se ou k’ ap ban nou fòs
Pou n’ kenbe fèm nan traka lavi sa.
3. Satan te pran tèt Èv nan paradi
Depi lè sa tout ras la vin febli.
Ou fè manman ou chape anba pyèj sa.
Ou ba l’ pouvwa pou kase tèt satan.