Jezu Granmèt nou obeyi,
Jous li mouri li obeyi,
Yo kloure l’, li obeyi.
1. Lè l’ ap desann li di : « Papa,
Men pitit ou ap vini,
Fè volonte ou fèt sou li. »
2. Jeruzalèm li di : « Manman,
Se pou m’ fè travay Papa m’! »
E li desann li obeyi.
3. Nan prèch li fè li di konsa :
« Ni manman m’, ni frè m’, ni sè m’,
Se moun ki obeyi Papa m’ ».
4. Jetsemani li di : « Papa,
Si vè sa a te kab ret lwen m’,
Men sa ou vle m’ a obeyi ».
5. Lè l’ ap mouri li di n’ konsa :
« Men manman ou obeyi li,
Se testaman m’ kite pou nou ».
6. Se poutèt sa Bondye leve l’,
Li ba l’ yon non ki pi gran
Pase tout non ki egziste.
7. Devan non sa a Jezu pote,
Tout vivan met ajenou,
Nan syèl, sou tè, menm nan lanfè.
8. Nan tout langaj y’ ape chante :
« Jezu-Kri se li k’ Granmèt
Selon pouvwa Bondye Papa a ».
9. N’ ap chante lwanj gras a Jezu,
Nan Lespri li pou Papa l’,
N’ ap di l’ mèsi tout tan gen tan.