Jezu ban nou manje, vini manje l’,
Se yon manje kap ban nou lavi.
Se pròp kò li, li ban n’ pou n’ manje,
Se pròp san li, li ban n’ pou nou bwè.
1. Ou menm ki grangou, ou menm k’ ap soufri,
vini, vini manje.
2. Ou menm ki chagren, ou k’ dekouraje, …
3. Ou ki gen problèm, ou ki pa wè klè, …
4. Ou k’ pèdi espwa devan lavi a, …
5. Ou k’ konn al wè frè w’, lè li pran prizon, …
6. Ou k’ dekouraje jous pou ta mouri, …
7. Ou menm k’ ape viv san ou pa pale, …
8. Ou menm ki viktim pou tout frè ou yo, …