Granmèt o n’ ap rele w’, pitye pou nou
Jezu ou ki sove n’, pitye pou nou
O Lespri n’ ap rele w’, pitye pou nou
Nou nan chenn nou mare, pitye, pitye pou nou.
1. Pitye pou nou ki nan prizon,
pitye pou tout sa k’ nan problèm
tout sa k’ dekouraje devan pwa lavi a.
2. Pitye pou nou ki pa konprann
si se tanp Lespri Sen nou ye,
nou chita ap peze chak jou malere yo.
3. Pitye pou nou k’ pa konn renmen
pataje avèk frè nou yo,
ki refize chak jou fè sa Bondye mande.