Granmèt nou vin met devan w’ tout sa nou genyen
Lajwa nou ak tout problèm nou genyen
Devouman pou fè Legliz la mache.
1. Tout jounen n’ ap goumen pou n’ fè lavi
se manje solèy la nou ye.
N’ ap travay anba bwa kote k’ gen ròch
O Granmèt, nou met tout sa devan w’.
2. Gen de moun ki chita tout lajounen
Y’ape tann yo ba yo kichòy.
Moun sa yo gen de fwa yo fè yo ront
O Granmèt, nou met tout sa devan w’.
3. Gen defwa n’ ap mache nou pa wè klè
N’ap bite, nou prèt pou tonbe
Se problèm lavi a k’ ap sakaje n’
O Granmèt, nou met tout sa devan w’.