Granmèt nou kanpe ak ou,
N’ ap batay pou tout moun konnen
se ou ki Wa.
1. Tout tan ou poko retounen Granmèt, n’ ap batay
Toutan nou menm nou egziste Granmèt, n’ ap batay.
2. Tout tan gen abi ak enjistis, n’ ap batay.
Toutan laperèz menm pa fini, n’ ap batay.
3. Tout tan moun pa konn pataje, n’ ap batay.
Toutan gen grangou ak lamizè, n’ ap batay.
4. Tout tan moun yo pa jwenn kè poze, n’ ap batay.
Tout tan pòv yo pa jwenn kè kontan, n’ ap batay.
5. Tout tan je avèg yo pa louvri, n’ ap batay.
Tout tan moun bèbè yo pa pale, n’ ap batay.