Granmèt la sen o, li sen o, li sen o !
1. Granmèt la sen o, tout pèp yo sezi o
kote l’ chita o, se limyè k’ klere l’ o
tè a tranble o, nan Siyon li gran o
Ganmèt la sen o, se li menm ki sen o.
2. Plas li anlè o, anro tèt tout pèp o
fò yo chante o, pou non li ki gran o,
se li ki sen o, se li menm ki fò o,
Ganmèt la sen o, se li menm ki sen o.
3. Se ou ki wa o, ki renmen met lòd o,
Ou fè sa k’ dwat o, ou fè sa k’ kòrèk o,
Nan ras Jakòb o, se li menm ki sen o
Ganmèt la sen o, se li menm ki sen o.
4. Viv Granmèt la o, li k’ Bondye pou nou o,
fò n’ adore l’ o, sou mach eskalye o,
se li ki sen o, li menm ki apa o
Ganmèt la sen o, se li menm ki sen o.