Gadyen mouton yo vini non
Vin rapòte sa nou wè nan Bètleyèm :
Nou wè l’, nou wè l’ !
Gadyen mouton yo vini non
Vin rakonte sa ki klè nan fon kè nou ;
Nou wè l’, nou wè l’ !
1. Kote n’ a jwenn paròl klè pou n’ rakonte
se yon limyè nou te wè ki klere nou,
pi plis nan fon kè pase nan grenn je
Nou wè l’, nou wè l’ ! Nou wè l’ !
2. Yon anj ki tout an klète vin pale nou
se yon nouvèl kontantman li rakonte,
pi plis nan fon kè pase nan zòrèy, …
3. Nou wè yon fèt, yon mèvèy estròdinè,
yon foul anj k’ ape chante lapè pou nou
pi plis nan k`enou pase anlè a, …
4. Yon bèl limyè eklate sou rout Bètleyèm
se yon klète ki klere pou gide nou,
pi plis nan kè nou pase sou rout la…
5. Lè nou rive Bètleyèm, kisa nou wè ?
yon tibebe ki tou pòv : Nou konprann li,
pi plis nan kè nou pase nan paròl…
6. Sa nou te wè Bètleyèm, nou wè l’ nan lavi :
Paròl Bondye k’ tounen moun nan mitan nou,
Pi plis nan aksyon pase nan diskou…