Fò m’ di Bondye mèsi, pou tout sa l’ fè pou mwen
Se nan fason m’ ap viv, chak jou m’ ap di l’ mèsi.
1. Mwen te dekouraje ak lavi pou jan m’ t’ ap pase mizè
Men lè m’ rele bay Bondye likoute mwen, li pran ka m’.
2. Wi vre lavi sa a gen traka, satan prèt pou fè m’ lage
Men lè m’ rele bay Bondye, li ban m’ fòs pou m’ leve kanpe.
3. Wi fò m’ di Bondye mèsi pandan tout tan m’ ape viv
Jis mwen rive lakay li, se nan chemen li pou m’ mache.