Fè kè w’ kontan o Manman Mari
Depi nan syèl la men y’ ap plede fè w’ konpliman.
1. Wi fè kè w’ kontan pou chans ou genyen
nan Bondye li menm ki fè w’ byenerèz.
2. Ou te rete vyèj pou sèvis Bondye,
Bondye fè w’ tounen yon vyèj ki manman.
3. Mesaje Bondye vini kote ou,
Ou di Bondye wi, yon wi k’ monte mòn.
4. Ou pat janm parèt ou te toujou senp
men Bondye li menm te konnen valè w’.
5. Bondye renmen ou plis pase tout fi
li mete w’ apa anvan menm ou fèt.