Ede m’ viv Paròl, ede m’ pale Paròl la,
Pou Paròl la vin yon reyalite
Pou Paròl la pote chanjman nan lavi nou.
1. Chak fwa mwen fè kwa sou tèt mwen
anvan m’ pale Paròl la,
ede m’ medite l’ nan lavi m’
pou m’ ka viv dapre Paròl la.
2. Chak fwa mwen fè kwa sou bouch mwen
anvan m’ pale Paròl la,
ede m’ di l’ nan bouch verite
pou m’ ka di Paròl ki kòrèk.
3. Chak fwa mwen fè kwa nan kè mwen
anvan m’ kenbe Paròl la
ede m’ vin gen kè mwen byen pròp
pou l’ ka desann nan kè ki senp.