Granmèt la ba li yon kè ki gran,
Yon kè ki laj, san limit
Tankou sab sou bò lanmè.
1. « Mwen promèt Granmèt la
pou tout lavi m’ jous nan dènye bout
se va pou jèn pòv mwen yo.
* Se sa Jan Bosko di, se sa li viv
Paske sajès Granmèt la te sou li.
2. « Wi tout kè m’ dispoze
pou fè nenpòt ki gran sakrifis
si se pou sove yon moun » …
3. « Se renmen Jezu a
ki fè m’ chèche fè tout moun dibyen
sitou sa ki nan bezwen » …
4. « Nan lavi m’ mwen g’on fòs
mwen g on prezans, mwen g’on asirans :
Mari, Sekou Kretyen yo » …
5. « Mwen pa janm fè yon pa,
mwen pa te janm fè okenn travay
si m’ pat wè Bondye te vle l’ » …
6. « Nan mitan tout jèn yo
mwen santi m’ byen, mwen santi m’ ap viv,
n ap bati Wayòm Bondye »…
7. « Renmen ak lapriyè
ansanm avèk tout entèlijans
dwe pou gide m’ ak jèn yo »…
8. « Mwen vle pou nou tounen
pi bon kretyen, pi bon sitwayen
pou tè a ka delivre » …
9. « M’ ape toujou travay
san m’ pa bouke, pou Bòn Nouvèl la
m’ a repoze kay Bondye »…