1. Don Bosko, bèlte syèl la klere sou ou nèt
se tout tè a k’ ap fè fèt,
Tout flè nan bwa bèl flè nan jaden
Met ansanm pou pafimen pye ou.
Ou menm Bondye ba nou kòm soutyen.
Ou konnen sa n’ ap pase chak jou,
Ede nou jwenn fòs pou n’ kab di
Nan lite pou defann lavi :
Da mihi animas !
Ann travay pou tout moun sove !
2. n’ ap chèche bò kote ou kouraj avèk espwa
Ou renmen n’ nou renmen ou tou.
Ou montre nou bèl chemen syèl la
Nan lite pou jèn sot nan trou.
N ap fè efò men ak kè kontan
Pou lafwa nou ba nou bon jijman
Pou n’ pa kite anyen detounen n’
Pou nou di ak sèl fòs renmen n’ :