Bondye Sovè mwen pitye pou mwen
Pou delivre mwen pitye pou mwen
Pou konsole mwen pitye pou mwen.
1. Mwen fè peche nan kè mwen
Move tandans peze mwen
Traka pou mwen, mwen tonbe
Pitye pou mwen, Bondye mwen.
2. Mwen fè peche nan tèt mwen
move panse plen tèt mwen
yo trouble mwen, mwen wè nwa
Pitye pou mwen, Bondye mwen.
3. Mwen fè peche ak pye mwen
nan move rout mwen rantre
rout madichon, rout malè
Pitye pou mwen, Bondye mwen.
4. Mwen fè peche ak bouch mwen
nan vye paròl mwen konn di
nan tripotaj m’ antrave
Pitye pou mwen, Bondye mwen.