Granmèt, ou renmen m’ depi tout tan e pou tout tan
Granmèt, ou renmen m’ pase tout bagay.
1. Ou te renmen m’ avan kòmansman
ou te renmen m’ depi kòmansman
ou vle renmen m’ pou tout tan gen tan.
2. Ou te renmen m’ lè w’ te fin kreye m’
Ou te fè mwen pou m’ sanble ak ou.
Ou te ban mwen tout sa k’ bon pou mwen.
3. Ou ban mwen libète pou m’ chwazi
Ou ban m’ lentèlijans pou m’ konprann
Ou ban mwen volonte pou m’ aji.