SOLO : Papa n’ ki nan syèl la, wi kè li sansib o,
Li toujou ap tann nou pou li padonnen nou.
Bondye Papa nou pitye o,
Jezu gran frè nou, pitye, bliye peche n’ yo
O Lespri Sen, pitye pou nou !
[Oye, oye, o nou rekonèt fot nou
bon chè Papa, padonnen tanpri souple]
1. Nou fè w’ fache, o Papa, nan kalkile move lide,
n ap fè tout vye panse, ki pa kòrèk devan w’.
2. Nou fè w’ fache, o Papa, nan move zak n’ ap plede fè,
n ap fè yon sosyete ki pa kòrèk devan w’.
3. Nou fè w’ fache, o Papa, nan pran plezi di vye paròl,
n ap pale vye koze, ki pa kòrèk devan w’.
4. Nou fè w’ fache, o Papa, nan bliye fè sa nou dwe fè,
n ap viv nan neglijans ki pa kòrèk devan w’.