Bondye nou vin fè ou konpliman,
Bondye nou vin di ou nou kontan
Pou tout sa w’ te fè pou nou.
1. N’ ap fè konpliman pou ou vre
n ap di ou mèsi ak tout kè nou
se ou ki sèl chèf ni sou tè a,
ni nan syèl la toupatou.
2. N’ ap fè konpliman pou Jezu
ki tèlman renmen tout timoun yo
fè n’ tounen yon timoun parèy yo
pou n’ viv menm jan avèk yo.
3. Se li ki te vin sove nou
se li k’ ape toujou pran ka nou
se li k’ ape toujou fè pa nou
men wi, mezanmi, se byen vre.
4. Se li ki pral prezante nou
bò kote li ye ak Papa li
bò kote li ye ak Lespri a
Amèn, amèn, alelouya.