Bondye Granmèt, nou vin adore w’,
Ba nou lafwa pou n’ kwè ou prezan.
1. Jou Jedi Sen an, ou pran pen ;
ou di se Kò ou, li pou nou
2. Lè w’ nan dezè a, ou te di :
« Pen an w’ ap bay la, se pròp kò w’ ».
3. Premye kretyen yo te fidèl
pou vin avèk ou nan lamès.
4. Ou te promèt nou, w’ ap ak nou
pandan tout syèk tan k’ ap gen tan.
5. Ou bati kay ou pou n’ rete,
ou drese tab ou pou n’ manje.
6. Se ou k’ gadyen mwen, w’ ap kondi m’
manje lavi a, w’ ap ban mwen l’.