Ala kontan kè mwen kontan pou mwen resevwa
Manje vivan ki sòti nan syèl la ! (2)
1. Tankou pèp Juif la nan dezè a.
yo te kontan lè Bondye ba yo lamàn nan.
2. Tankou nan gro ròch mòn Orèb la
Bondye te fè yon kokenn sous dlo eklate.
3. Tout sa se mèvèy Papa w’ te konn fè
pou pèp ou a te kapab konnen jan w’ renmen l’.
4. Men pi gro mèvèy, se Jezu w’ ban nou
se lamàn et yon sous dlo k’ pap janm fini.
5. Ak ti moso pen de ti pwason sèlman
li fè manje joustan dènye moun rasazye.