An n’ rele viv Bondye nan syèl la, oooo
An n’ fè louanj pou li, oooo
Anro latè moun li renmen yo, oooo
Y a viv ak kè poze.
1. An n’ chante lwanj pou li,
pou n’ di jan li debyen
li sèl n’ ap adore, fò nou fè konpliman
fò nou di li mèsi pou jan l’ fè sa ki bèl,
poutèt li se Granmèt, paske l’ gen tout pouvwa.
2. Jezu, ou se Granmèt,
Ou se Pitit Papa a,
Ou se Wa nan syèl la, Papa w’ ba w’ tout pouvwa.
Ou te vin sou tè a, pou efase peche,
Ede n’ pou n’ pa tonbe, manje manje bliye.
3. Lespri montre n’ renmen,
pou fè nou moun debyen,
pou nou viv men nan men paske nou se kretyen.
Ba nou tout bon mwayen, k’ ap fè nou viv pi byen
Pou nou fè sa ki byen ni jodi, ni demen.