An n’ al pote Bòn Nouvèl la,
An n’ al travay pou Granmèt la
Nou te promèt Jezu tout sa
Fò n’ pa bliye promès se dèt.
1. Leve kretyen an nou reveye
Fò n’ al pote Bòn Nouvèl la
Pami nou pa dwe gen divizyon
An nou mete nou an aksyon.
2. Nou gen yon fòs ki puisan anpil
Se sila a nou rele lafwa
Nou pa bezwen fè anpil kalkil
Pou n’ konvèti moun pil pa pil.
3. Nou chak se yon vye p’ ti enstriman
ki dispoze nan men mèt la
Leve li lè pou nou reveye
E n’a va wè puisans Bondye.
4. Fò n’ pa met tròp sousi nan tèt nou
N’ ap mande kisa nou pral di
Sa n’ pi bezwen se dispozisyon
E kite Bondye fè rès la.